Rutshelle Guillaume – RG X Lyrics

Rutshelle Guillaume – RG X Lyrics Letra Rutshelle Guillaume Rutshelle Guillaume – RG X Lyrics
Lè w ap kòmanse
Ou pa toujou konn kote w ap rive
Se toujou priye

Pou w jwen fòs pou w pa dekouraje
Se nan mo sè Bien Aimé mwen t ap chante kite m kriye
Gen sa k t ap pale di ke se rele mwen t ap rele
Sa m tande gen sa m noté
Pandan m toujou ap gad devan
Gras Bondye jodi a
Nan karyè m mwen gen 10 zan
Pafwa nan kè m m ap soufri
Men sou sèn nan fò m souri
Pou pikan ki sou chimen fanm nan mizik endistri

Tranzisyon, radyo, tele
Se entènet tout moun branche
Nouvèl pi vit gaye pase chan kann ki pran dife
M pa t ap janm fè spécial si m t konnen m tap nan trouble
Matchis ak feminis san kondisyon t ap lapidem
Gras Bondye k trase chimen fè m redefini kouray
Jodi a m son testaman pou tout fanm k ap pase tray
Pafwa nan kè m soufri
Men sou sèn n nan fò m souri
Pou sakrifis li mande pou w konstwi yon legacy

Jodi a m gen 10 zan
Wi m santi m gran
Malgre mati m pa janm febli
Se sa k lavi
Wi m gen 10 zan
M fyè e m kontan
Sa m akonpli malgre defi
Bondye mèsi
Zabap peda Zabap peda zabap pe
Ann selebre l
Zabap peda Zabap peda zabap pe
Oh wi fòn fete l
Zabap peda Zabap peda zabap pe
Ann selebre l
Zabap peda Zabap peda zabap pe
Lyrics, Letras, Paroles, Deutsche, Letras, Testi,Тексты, Texty, Norske, Текстови, Versuri, Persian, Liricí, Lirik, Nederlandse, Tagalog

Deixe um comentário

O seu endereço de e-mail não será publicado. Campos obrigatórios são marcados com *